fbpx
Logo
May 30, 2025 | Ralph Thomassaint Joseph

Ki diferans ki genyen ant ICE ak Lapolis?

Ou pa oblije pataje estati imigrasyon w ak ajan imigrasyon ICE  yo oswa ak lapolis Nouyòk (NYPD).

Sa w dwe konnen sou diferans ki genyen ant ICE ak lapolis:

  • NYPD pa gen dwa kenbe oswa depòte moun pou vyolasyon lwa imigrasyon.
  • ICE ak NYPD gen obligasyon pou yo idantifye tèt yo si yo vin lakay ou oswa nan biznis ou.
  • NYPD pa gen dwa transfere moun nan ICE san yon manda lajistis.
  • Ou pa oblije pataje estati imigrasyon w ak ICE oswa NYPD.
  • Lè w rele 9-1-1, sa pa mete w nan risk pou yo rapòte w bay otorite imigrasyon.

Se sa imigran dwe konnen sou wòl Lapolis Nouyòk nan aplikasyon lwa imigrasyon yo pou yo kapab konprann dwa yo pi byen ak kijan pou yo pwoteje tèt yo si ofisye sa yo ta poze yo kesyon.

Kisa ICE ye epi kisa li fè?

U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE) se yon ajans federal ki anba Department of Homeland Security (DHS), ki kreye pou fè respekte lwa imigrasyon epi pwoteje sekirite nasyonal peyi a. 

An jeneral, ajan ICE yo mete rad senp oswa inifòm espesyal ki gen logo ICE, DHS oswa ERO (Enforcement and Removal Operations). Yo itilize yon badj ki idantifye yo kòm ajan sèvis sa yo.

ICE gen pouvwa pou li:

  • Arete, kenbe, epi depòte moun pou vyolasyon lwa imigrasyon.
  • Fè operasyon pou arete imigran san papye ki gen dosye kriminèl oswa ki gen lòd depòtasyon aktif.
  • Fè ankèt sou krim ki gen rapò ak imigrasyon tankou trafik moun ak fwod.
  • Kenbe moun nan sant detansyon imigrasyon pandan y ap trete dosye yo.

ICE pa gen otorite pou li ranfòse lwa nan eta a oswa lwa lokal ki pa gen rapò ak imigrasyon. Ajans lan dwe gen manda pou l antre nan pwopriyete prive yon moun ak pou l fè kèk operasyon. ICE pa kapab fòse ajans lokal yo ede l nan aplike lwa imigrasyon si yo refize kolabore. 

Kisa ki NYPD epi kisa li fè 

NYPD ki se lapolis Nouyòk responsab pou fè respekte lwa eta ak vil Nouyòk la, epi asire sekirite piblik. Li pa la pou l fè moun respekte lwa imigrasyon federal yo. Menm apre Trump fin prezidan, relasyon ant NYPD ak ICE pa chanje.

Dapre lalwa eta Nouyòk, NYPD ap kontinye travay chak jou ak ajans federal yo tankou ICE, nan yon pakèt envestigasyon kriminèl. Men, “NYPD pa fè moun aplike lwa imigrasyon federal ni li pa patisipe nan operasyon imigrasyon,” yon pòtpawòl nan Biwo Komisyonè Adjwen, Enfòmasyon Piblik, te di “Documented”

Lè w rele 9-1-1, sa pa mete moun k ap rele a nan risk pou yo rapòte l bay otorite imigrasyon.

Ofisye NYPD yo mete inifòm lapolis tradisyonèl ak logo “NYPD”. Yo pote badj ak kat idantifikasyon ki montre klèman yo fè pati Depatman Lapolis Vil Nouyòk”.

NYPD gen pouvwa pou li :

  • Ranfòse aplikasyon lwa eta ak vil Nouyòk yo, tankou entèvni nan ka krim, ijans, oswa pwoblèm sekirite piblik.
  • Fè ankèt sou aktivite kriminèl epi travay ak ajans federal yo sou ka kriminèl (fè respekte lwa sou  imigrasyon pa ladan l).
  • Pwoteje dwa tout abitan Nouyòk yo, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
  • Fè patwouy nan vil Nouyòk yo ak nan tren MTA yo.

NYPD pa gen dwa arete moun pou enfraksyon ki gen rapò ak imigrasyon oswa transfere yo nan prizon ICE yo san yon manda jidisyè. NYPD pa gen dwa poze moun kesyon sou estati imigrasyon yo ni pataje estati imigrasyon moun, sòf si sa gen rapò dirèk ak yon ankèt kriminèl. 

Pafwa genyen ajan ICE konn pretann yo se lapolis oswa ofisye pwobasyon, yo itilize taktik entimidasyon, fo istwa, oswa bay manti pou antre lakay moun oswa jwenn enfòmasyon.

Si sa rive w , ACLU nan Sid Kalifòni konseye w pou w suiv konsèy sa yo:

  • Verifye ki moun ki nan pòt la: Mande nan ki ajans yo soti, mande pou w wè idantifikasyon oswa badj yo, epi mande yo rezon vizit la. Si yo di yo gen yon manda, mande pou w wè si yon jij siyen li.
  • Dokimante rankont la: Anrejistre entèraksyon an sou videyo, make non ofisye yo ak nimewo badj yo, idantifye nenpòt temwen, epi ekri yon kontrandi byen detaye sou sa ki te pase a.
  • Rapòte ensidan an: Telechaje aplikasyon ki rele  the Mobile Justice app  la pou w ka anrejistre epi rapòte rankont yo dirèkteman nan ACLU. Ou ka kontakte rezo prevansyon atak nan zòn ou an oswa ajans sèvis legal yo tou pou w jwenn asistans.

Kisa pou w fè si ICE oswa lapolis ap kesyone w 

Si lapolis oswa ICE apwoche w, konesans sou dwa w yo ka ede w pwoteje tèt ou.

  • Ou gen dwa pou w rete an silans. Pratike fraz sa a an anglè, “I have the right to remain silent” pou w ka prepare w pou w di l byen fò.
  • Ou pa oblije bay konsantman w pou yo fouye w. Lapolis ka fouye w sèlman si yo sispèk ou gen zam sou ou.
  • Si lapolis arete w, ou gen dwa mande yon avoka. Gouvènman an dwe ba w youn.
  • Si ICE arete w, ou ka konsilte yon avoka, mense ap  sou pwòp depans ou.
  • Ou pa oblije reponn kesyon sou estati imigrasyon w.

Si yo arete w oswa kenben w nan detansyon:

  • Di “Mwen vle rete an silans epi mwen vle yon avoka.”
  • Pa siyen okenn papye ni fè deklarasyon san konsèy legal.
  • Si lapolis arete w, ou gen dwa pou w fè yon sèl apèl nan telefòn lokal.
  • Si ICE arete w, ou ka kontakte konsila peyi w.
  • Kenbe dokiman imigrasyon w yo yon kote ki byen sekirize epi pataje nimewo A (nimewo alyann) ou ak fanmi w.

Si yo vyole dwa w pandan yon rankont ak lapolis oswa ICE:

  • Ekri detay yo (nimewo badj, non ofisye yo, kontak temwen ki te la yo). Kit se ofisye ICE oswa ofisye NYPD yo gen obligasyon pou yo idantifye tèt yo si yo vin lakay ou oswa nan biznis ou. 
  • Chèche swen medikal si w blese oubyen gen lòt domaj.
  • Depoze yon plent nan afè entèn oswa nan komisyon kontwòl sivil la.

Si w panse yo vyole dwa w, ou ka depoze yon plent nan zafè entèn NYPD oswa nan Komsisyon Pou Kontwòl Plent Sivil yo (Civilian Complaint Review Board – CCRB).

Ou ka kontakte yon avoka imigrasyon oswa yon òganizasyon lokal k ap defann dwa imigran pou konsèy legal ak sipò. Òganizasyon tankou American Civil Liberties Union (ACLU)  ak  Immigrant Legal Resource Center (ILRC)  bay resous ak asistans pou moun ki fè fas ak sitiyasyon sa yo. 

Li atik sa a tou: Si w gen enkyetid ICE ka arete w oswa depòte w men kijan pou prepare finans ou, gad pitit ou, ak lòt bagay enpòtan

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt
OSZAR »